Numbers 25:6
Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 15:30Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.
Numbers 25:14Nonm pèp Izrayèl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chèf nan branch fanmi Simeyon an.
Numbers 31:9Moun Izrayèl yo fè tout fanm ak tout timoun Madyan yo prizonye. Yo pase men yo pran tout bèf yo, tout mouton yo, tout kabrit yo ak tout lòt byen yo.
Judges 2:4Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.
Ezra 9:1Lè tout bagay sa yo fin regle, chèf pèp Izrayèl yo vin jwenn mwen, yo di m' konsa: -Pèp la, ansanm ak prèt yo ak moun Levi yo fin melanje nèt ak moun lòt nasyon ki nan peyi a: moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Jebis yo, moun Amon yo, moun Moab yo, moun Lejip yo ak moun Amori yo. Yo lage kò yo nan fè menm vye bagay ak moun sa yo.
Ezra 10:6Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo.