The Bible Software
bible.software › Ezra › Ezra 10 › Ezra 10:6

Ezra 10:6

Apre sa, Esdras ale lakay Jokanan, pitit gason Eliyachib la, sou devan tanp Bondye a. Li pase nwit lan la, san manje, san bwè, paske li te nan gwo lapenn dèske moun yo te depòte epi ki te tounen nan peyi a pa t' kenbe pawòl yo.

Bib La

In The King James Version

Then Ezra rose up from before the house of God, and went into the chamber of Johanan the son of Eliashib: and when he came thither, he did eat no bread, nor drink water: for he mourned because of the transgression of them that had been carried away.

In Context

5Lè sa a, Esdras leve, li fè chèf prèt yo, chèf moun Levi yo ak tout rès moun yo sèmante yo pral fè sa Chekanya te di a. Yo sèmante vre.

7Yo fè yon piblikasyon nan tout peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm, pou mande tout moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a pou yo tout te reyini lavil Jerizalèm.

Read all of Ezra 10

Cross References

Deuteronomy 9:18Apre sa, mwen lage kò m' fas atè devan Seyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Seyè a, nou pa t' fè l' plezi, nou te fè l' fache anpil.

Ezra 10:1Esdras menm te ajenou toujou, fas atè, devan Kay Bondye a, li t'ap lapriyè. Dlo nan je, li t'ap rekonèt tout fòt pèp la te fè devan Bondye. Pandan li t'ap fè sa, yon foul moun pèp Izrayèl la, gason, fanm ak timoun, vin sanble fè wonn bò kote l'. Dlo t'ap ponpe nan je yo tout.

Nehemiah 3:20Bawouk, pitit gason Zabayi a, te repare pòsyon ki vin apre a, depi kwen an rive devan pòt kay Elyachib, granprèt la.

Nehemiah 12:22Pandan tout tan Elyachib, Jodaja, Jokanan ak Jadwa te pase granprèt, yonn apre lòt, yo te enskri non chèf tout fanmi prèt yo ak non moun Levi yo nan gwo rejis ofisyèl tanp lan. Yo te kenbe rejis sa a jouk sou rèy wa Dariyis ki t'ap gouvènen peyi Pès la.

Nehemiah 13:28Jojada te pitit Elyachib, granprèt la. Yonn nan pitit gason l' yo te marye ak pitit fi Sanbalat, nèg lavil Bèt-Owon an. Mwen mete l' deyò pou m' pa janm wè l' devan je m' ankò.

Isaiah 22:12Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Ezra 10:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Ezra 10:5Ezra 10Ezra 10:7 →