Numbers 27:13
Lè w'a fin wè li, ou pral mouri, tankou Arawon, frè ou la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 25:8Abraram te fin granmoun, li te wè kont jou l', li te pase vye jou l' yo san pwoblèm. Apre sa li mouri, li al jwenn moun li yo ki te mouri deja.
Numbers 20:24-Arawon pa pral antre nan peyi mwen pwomèt pou m' bay moun pèp Izrayèl yo. Msye pral mouri, li pral jwenn moun li yo ki te mouri anvan l' yo, paske nou tou de, nou pa t' fè sa mwen te ban nou lòd fè bò sous dlo Meriba a.
Numbers 33:38Dapre lòd Seyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te soti kite peyi Lejip.
Deuteronomy 31:14Lè sa a, Seyè a di Moyiz konsa: -Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l' nan Tant Randevou a pou m' ka ba li lòd sa pou l' fè. Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a.
Deuteronomy 32:50Ou pral mouri sou mòn kote ou pral moute a, ou pral jwenn moun pa ou yo ki deja mouri, menm jan sa te rive Arawon, frè ou la, ki te mouri sou mòn Or la, epi ki te al jwenn moun pa l' yo ki deja mouri.