Numbers 27:2
Medam yo vini, yo kanpe devan Moyiz ak Eleaza, prèt la, devan chèf fanmi yo ak devan tout pèp la, devan pòt Tant Randevou a, epi yo di:
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 18:19Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye.
Numbers 9:6Men, vwala te gen kèk moun ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, paske yo te manyen kadav yon moun mouri. Yo pa t' kapab fete fèt delivrans lan jou sa a. Yo leve, y' al jwenn Moyiz ak Arawon.
Numbers 27:21L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre soti yo.
Deuteronomy 17:8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,