Numbers 28:30
N'a ofri tou yon bouk pou mande Bondye padon pou peche. Se konsa n'a fè ofrann bèt pou yo touye pou mande Bondye gras pou tout pèp la.
Bib La
In The King James Version
And one kid of the goats, to make an atonement for you.
In Context
29ak sèt ti mamit pou chak ti mouton yo.
Cross References
Numbers 15:24Si se tout pèp la ki fè sa l' pa t' dwe fè san li pa t' konnen sa l'ap fè a, yo tout ansanm y'a ofri yon jenn ti towo bèf pou yo boule nèt nan dife pou Seyè a. Se va yon ofrann pou yo boule nan dife pou fè Seyè a plezi ak bon sant li. Y'a ofri l' ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki pou mache avè l' la. Apre sa, y'a ofri yon bouk kabrit pou repare sa yo te fè ki mal la.
Numbers 28:22N'a ofri tou yon bouk pou yo touye pou mande padon pou peche. Se konsa, n'a fè ofrann bèt pou nou touye pou mande Bondye gras pou pèp la.
Galatians 3:13Kris la delivre nou anba madichon lalwa lè li te pran madichon an nan plas nou. Se konsa sa te ekri nan Liv la: Madichon pou moun yo pandye sou bwa a.
1 Peter 3:18Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.