Numbers 29:1
Premye jou setyèm mwa a, n'a sanble tout moun pou yo vin fè sèvis pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. Se jou sa a tou, y'a kònen twonpèt yo pou fè konnen jou a rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 23:7Premye jou a, n'a reyini tout pèp la pou n' fè sèvis pou Bondye. Nou p'ap fè ankenn gwo travay jou sa a.
Leviticus 23:24-Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Men sa pou ou di yo: Premye jou setyèm mwa a va yon gwo jou repo pou nou. Jou sa a n'a kònen twonpèt pou fè moun yo chonje se jou pou yo reyini pou adore Bondye.
Numbers 29:35Wityèm jou fèt la, n'a sanble tout moun pou adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap fè okenn gwo travay.
Ezra 3:6Pèp la pa t' ankò mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Seyè a.
Nehemiah 8:2Esdras, prèt la, pran liv la, li pote l' kote tout moun yo te reyini an: fanm, gason ak tout timoun ki te gen laj konprann. Se te premye jou nan setyèm mwa a.
Psalms 89:15(089:16) Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!