Numbers 29:6
N'a fè ofrann sa yo anplis ofrann bèt pou yo boule nan dife chak premye jou nan mwa yo ansanm ak ofrann grenn jaden ki toujou mache avèk yo a, mete sou ofrann bèt pou yo boule chak jou a ansanm ak ofrann grenn jaden ak bwason ki toujou mache avè l' la. Se ofrann manje sa yo n'a boule nèt pou Seyè a. Se va ofrann k'ap fè Seyè a plezi ak bon sant yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 6:9-Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri.
Numbers 9:14Si gen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, li menm tou se pou l' fete fèt Delivrans Seyè a, dapre lòd ak regleman fèt la. Va gen yon sèl regleman pou tout moun, ni pou moun natif natal peyi a, ni pou moun lòt nasyon yo.
Numbers 15:11Se sa pou nou bay ansanm ak chak jenn towo, chak belye mouton osinon chak bouk kabrit n'ap ofri.
Numbers 28:3W'a di yo pou mwen: Men ofrann pou nou boule nan dife pou Seyè a. Chak jou, san sote yonn, n'a ofri de ti mouton ki gen ennan, ki pa gen okenn enfimite. N'a boule yo nèt nan dife pou mwen.
Numbers 29:18Ansanm ak chak bèt n'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann bwason ki pou mache ak yo, dapre regleman an.
Ezra 3:4Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a.