The Bible Software
bible.software › Numbers › Numbers 9 › Numbers 9:14

Numbers 9:14

Si gen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, li menm tou se pou l' fete fèt Delivrans Seyè a, dapre lòd ak regleman fèt la. Va gen yon sèl regleman pou tout moun, ni pou moun natif natal peyi a, ni pou moun lòt nasyon yo.

Bib La

In The King James Version

And if a stranger shall sojourn among you, and will keep the passover unto the LORD; according to the ordinance of the passover, and according to the manner thereof, so shall he do: ye shall have one ordinance, both for the stranger, and for him that was born in the land.

In Context

13Men, si yon moun ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen epi ki pa nan vwayaj ta rive pa fete fèt Delivrans lan, se pou yo mete l' deyò nèt nan mitan fanmi l' yo, paske li pa t' ofri ofrann li bay Seyè a dat pou l' te fè l' la. Se pou l' peye pou sa l' fè a.

15Jou yo t'ap moute Tant Randevou a, yon nwaj vini epi li kouvri tant kote Bwat Kontra a ye a. Lè aswè rive, ou ta di yon gwo dife ki te parèt anwo tant lan jouk nan maten.

Read all of Numbers 9

Cross References

Exodus 12:48Si gen yon moun lòt nasyon ki rete nan peyi a epi ki ta vle fete fèt Delivrans lan pou Seyè a, men sa pou nou fè: Sè pou nou sikonsi tout gason lakay li anvan. Apre sa, l'a gen dwa fete fèt Delivrans lan. y'a konsidere l' tankou moun natif natal pèp Izrayèl la. Si yon gason pa sikonsi, li pa ka patisipe nan fèt la.

Leviticus 19:10Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!

Leviticus 24:22Menm jijman sa a va pou tout moun k'ap viv nan peyi a, kit se yon moun peyi a ki menm ras avè ou, kit se yon moun lòt nasyon, paske se mwen menm Seyè a ki Bondye nou an.

Deuteronomy 29:11tout pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou,

Ezra 6:21Men moun ki te manje manje Delivrans lan. Se te tout jwif ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo ki pa t' janm kite peyi yo men ki te vire do bay vye bagay lòt moun yo t'ap fè nan peyi yo epi ki te vin mete tèt ansanm ak moun ki te tounen yo pou adore Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.

Ephesians 2:19Se sak fè, nou menm moun lòt nasyon yo, nou pa etranje ankò, ni moun ki depasaj. Men, se sitwayen nou ye ansanm ak tout moun nan pèp Bondye a, nou fè pati fanmi Bondye a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Numbers 9:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Numbers 9:13Numbers 9Numbers 9:15 →