Numbers 3:38
Moyiz, Arawon ak pitit gason l' yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bò lès. Se yo ki te reskonsab pou fè sèvis nan kote ki apa nèt pou Bondye a pou pèp Izrayèl la. Tout lòt moun ki ta konprann pou yo fè travay prèt yo, se pou yo touye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
37Yo te reskonsab poto, sipò, pikèt ak kòd pou soutni galeri yo tou.
Cross References
Numbers 1:53Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a.
Numbers 3:7Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fè tout kalite sèvis ki gen pou fèt pou Arawon ak pou pèp la devan Tant Randevou a.
Numbers 3:23Fanmi sa yo te rete dèyè kay Bondye a, sou bò solèy kouche.
Numbers 3:35Se Zouryèl, pitit gason Abikayil la, ki te chèf fanmi Merari yo. Yo te moute kan yo sou bò nò kay Bondye a.
1 Chronicles 6:48Lòt moun branch fanmi Levi yo te gen travay pa yo nan sèvis Tanp Seyè a.