Numbers 3:7
Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fè tout kalite sèvis ki gen pou fèt pou Arawon ak pou pèp la devan Tant Randevou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 1:50Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a.
Numbers 3:32Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a.
Numbers 8:15Lè w'a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w'a fin vire yo adwat agoch devan m', tankou yon kado espesyal moun yo fè m', y'a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a.
Numbers 31:30Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a.
1 Chronicles 26:20Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo.
1 Chronicles 26:26Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a.