Numbers 3:8
Yo va reskonsab tout bagay ki anndan Tant Randevou a. Y'a fè tout travay moun Izrayèl yo ta gen pou yo fè nan Tant Randevou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 4:28Sa se tout reskonsablite moun Gèchon yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit gason Arawon, prèt la, ki va kontwole tou sa y'ap fè.
Numbers 10:17Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati.
1 Chronicles 23:27Se konsa, dapre dènye pawòl sa yo David te di lè sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
2 Chronicles 29:11Koulye a, pitit mwen yo, souke kò nou. Se nou menm Seyè a te chwazi pou toujou kanpe devan l', pou sèvi l', pou fè travay li, pou boule lansan pou li.
Isaiah 52:11Wete kò nou nan lavil Babilòn! Wete kò nou! Pati ale! Pa manyen anyen nou pa dwe manyen! Wete kò nou nan mitan lavil la. Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, nou menm k'ap pote veso ki apa pou sèvis Seyè a.