Numbers 31:41
Se konsa, Moyiz renmèt bay Eleaza, prèt la, tou sa yo te wete pou Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
Bib La
In The King James Version
In Context
40sèzmil (016.000) jenn fi ak trannde ladan yo pou Seyè a.
42Lòt mwatye a te pou rès pèp Izrayèl la. Lè Moyiz fin wete sa ki te pou sòlda yo,
Cross References
Numbers 5:9Tout ofrann moun Izrayèl yo mete apa pou Seyè a va rete pou prèt y' al jwenn pou fè ofrann lan.
Numbers 18:19M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou.
Matthew 10:10Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa mete de rad sou nou, pa pran ni soulye, ni baton. Paske, yon travayè merite pou yo ba l' manje.
Galatians 6:6Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la.
Hebrews 7:4Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l' te pran nan batay la.