Numbers 5:9
Tout ofrann moun Izrayèl yo mete apa pou Seyè a va rete pou prèt y' al jwenn pou fè ofrann lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 6:17Se pou yo kwit pen an san ledven. Se mwenmenm menm ki ba yo pòsyon pa yo nan ofrann y'ap boule nèt pou mwen an. Se yon bagay ki apa nèt pou mwen, tankou yon ofrann yo fè pou peche yo ak ofrann yo fè pou peye pou sa yo te fè ki mal.
Leviticus 7:6Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan l'. Se pou yo manje l' kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa nèt pou Bondye.
Leviticus 22:2-Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l' yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m', ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m'. Se mwen menm ki Seyè a.
Numbers 18:19M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou.
Deuteronomy 18:3Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la.
Malachi 3:8Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo.