The Bible Software
bible.software › Numbers › Numbers 32 › Numbers 32:29

Numbers 32:29

Li di yo: -Si gason nan branch fanmi Woubenn ak nan branch fanmi Gad yo janbe lòt bò larivyè Jouden an avèk nou tou pare pou y' al goumen devan Seyè a, lè tout peyi a va anba men nou, n'a ba yo tè peyi Galarad la pou yo.

Bib La

In The King James Version

And Moses said unto them, If the children of Gad and the children of Reuben will pass with you over Jordan, every man armed to battle, before the LORD, and the land shall be subdued before you; then ye shall give them the land of Gilead for a possession:

In Context

28Lè sa a, Moyiz bay Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la lòd sa a sou moun sa yo.

30Men, si yo pa janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y' al goumen avèk nou, y'a resevwa pòsyon tè pa yo nan peyi Kanaran an ansanm ak nou.

Read all of Numbers 32

Cross References

Numbers 32:17Men, nou menm gason yo, nou tou pare pou n' ale goumen ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, pou nou pran devan lè n'ap atake lènmi jouk yo rive nan peyi ki pou yo a. Pandan tan sa a, moun pa nou yo menm va rete isit la nan lavil ak ranpa yo kote moun peyi a p'ap ka fè yo anyen.

Joshua 14:3Moyiz te gen tan bay de branch fanmi ak mwatye nan yon twazyèm branch fanmi pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden. Men, li pa t' bay moun fanmi Levi yo ankenn pòsyon nan tè sa yo.

Joshua 22:9Se konsa, moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak mwatye moun nan branch fanmi Manase yo tounen tounen yo lakay yo. Yo kite rès pèp Izrayèl la lavil Silo nan peyi Kanaran, y' al nan peyi Galarad, nan peyi yo te ba yo a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou yo.

1 Samuel 18:17Yon lè Sayil di David konsa: -Men Merab, premye pitit fi mwen an. M'ap ba ou l' pou madanm. Sèl bagay se pou fè m' wè se yon vanyan gason ki pa pè batay ou ye, se pou ou goumen tout kote Seyè a va voye ou al goumen pou li! Sayil t'ap di nan kè l': Konsa, se moun Filisti yo ki pral touye David, mwen p'ap bezwen fè l' mwen menm.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Numbers 32:29

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Numbers 32:28Numbers 32Numbers 32:30 →