Numbers 33:55
Men, si nou pa mete moun ki rete nan peyi a deyò, sa ki va rete yo pral ban nou gwo pwoblèm. Y'ap tankou yon pay ki tonbe nan je nou, osinon tankou pikan k'ap pike nou nan tout kò nou. Yo pral tounen yon tizon pou nou lè n'a fin tabli nan peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
56Lè sa a, sa m' te fè lide fè yo a, se nou m'ap fè l'.
Cross References
Deuteronomy 7:4Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y' al sèvi lòt bondye. Si nou fè sa, Bondye va fache sou nou, l'a disparèt nou la pou la.
Joshua 23:7Pa mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondye yo. Pa fè sèvis pou yo.
Joshua 23:13nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l'a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
Judges 2:3Se poutèt sa m'ap di nou: Mwen p'ap mete yo deyò devan nou. Y'ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou.
Ezekiel 28:24Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la ap viv nan mitan yon bann nasyon ki pa vle wè l'. Yo tankou pikan raje k'ap grafiyen l', men yo pral sispann giyonnen l'. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a, sèl Mèt la.