Numbers 34:6
Sou bò solèy kouche, teritwa a nou an va rive jouk sou rivaj gwo lanmè a. Se Lanmè Mediterane a ki va sèvi nou fwontyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
5l'a chankre bò ravin ki sèvi fwontyè ak peyi Lejip la, epi l'a bout nan Lanmè Mediterane.
7Sou bò nò a, fwontyè a va swiv yon liy dwat ki soti depi gwo lanmè a rive sou mòn Or la.
Cross References
Deuteronomy 34:2tout pòsyon ki pou Neftali a, tout peyi Efrayim lan ak peyi Manase a, tout peyi Jida a rive sou lanmè Mediterane a,
Joshua 9:1Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivaj lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo.
Joshua 15:12Sou bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a.
Joshua 23:4Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.
Ezekiel 47:15Sou bò nò, fwontyè a va soti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la.