Numbers 35:12
Se la y'a pwoteje l' anba fanmi mò a ki ta chache tire revanj mò a. Yo p'ap gen dwa touye l' toutotan yo pa jije l' devan tout moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Nan lavil n'a bay moun Levi yo, sis va sèvi pou bay moun konsa pwoteksyon,
Cross References
Numbers 35:19Moun ki fanmi pi pre moun yo touye a va reskonsab pou li touye ansasen an, nenpòt kilè li bare avè l'.
Deuteronomy 19:6Si te gen yon sèl lavil konsa, distans la ta ka twò long. Lè sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l'ap kouri dèyè moun ki te fè krim lan, li ta ka rapouswiv li. Nan kè cho li, li ta ka ba l' yon kou, li touye l'. Lè sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pa t' fè espre, li pa t' janm gen anyen nan kè l' kont moun li touye a.
Joshua 20:3Lè yon moun touye yon moun san li pa fè espre, san li pa t' gen lide fè sa, li ka kouri al kache la pou yo ka pwoteje l' pou l' pa tonbe anba men moun k'ap chache l' pou yo tire revanj.
2 Samuel 14:7Koulye a menm, tout fanmi m' yo leve dèyè m', y'ap mande m' pou m' lage sa ki te touye lòt la nan men yo pou yo touye l' tou, paske li te touye frè l' la. Si yo fè sa, m'ap rete san pitit gason. Y'ap wete dènye ti espwa ki te rete m' lan. Lèfini, mari m' p'ap gen yon pitit gason pou leve non l' sou tè a.