Numbers 35:33
Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 18:25Yo te mete tout peyi a nan move kondisyon ak sa yo t'ap fè a. Se konsa mwen menm Seyè a, m'ap peni peyi a, m'ap fè l' voye moun ki rete sou li yo jete deyò.
Deuteronomy 21:1Si nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou pou n' rete a, nou rive jwenn kadav yon moun yo sasinen nan yon jaden, san nou pa konnen ki moun ki fè sa,
2 Samuel 3:29Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.
2 Kings 23:26Men malgre sa, Seyè a te move toujou sou pèp peyi Jida a depi lè li te fache sou Manase pou sa l' te fè a.
2 Chronicles 23:15Yo pran Atali, yo mennen l' nan palè wa a, bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l'.
Psalms 106:38Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.