2 Samuel 3:29
Se pou chatiman an tonbe sou tèt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fè travay fanm, gason k'ap mouri nan lagè, gason k'ap nan grangou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 21:19Si li ka leve, si li ka mache pwonmennen ak baton, y'a fè pa moun ki te ba l' kou a. Tansèlman, l'a gen pou l' peye lòt la dedomajman pou tout jou li fè rete san travay, epi l'a reskonsab pran swen l' jouk li geri.
Leviticus 15:2-Pale ak pèp Izrayèl la, di yo pou mwen: Lè yon nonm gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
Judges 9:24Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo.
1 Samuel 2:32Lespri ou pral boulvèse lè w'a wè tout bagay ap mache byen pou pèp la, men pesonn nan fanmi ou p'ap janm viv lontan jouk pou yo rive granmoun.
1 Kings 2:31Wa a reponn: -Fè jan li di ou la. Touye l', lèfini, antere l'. Konsa ni mwen, ni pyès lòt moun nan fanmi papa m' p'ap reskonsab pou sa Joab te fè lè li te touye de inonsan yo.
1 Kings 2:33Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Seyè a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l' yo kè poze.