Numbers 4:19
Men sa pou nou fè pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lè y'ap pwoche bò bagay ki apa nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo va antre anvan epi y'a bay chak moun travay pa yo, y'a di yo sa pou yo pote.
Bib La
In The King James Version
In Context
18-Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo.
Cross References
Exodus 19:21Seyè a di Moyiz konsa: -Desann, avèti pèp la pou yo pa depase limit la, paske yo ka pran kouri vin gade mwen. Lè sa a, anpil ladan yo ta kapab mouri.
Numbers 4:15Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.