Numbers 4:49
Se konsa, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou pèp la, yo pran non chak gason moun Levi yo ak travay pou yo fè ak sa pou yo pote. Se Seyè a menm ki te bay Moyiz lòd fè resansman sa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
48Yo jwenn antou witmil senksankatreven (08.580) gason.
Cross References
Numbers 1:47Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo,
Numbers 2:33Men yo pa t' konte moun branch fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.
Numbers 4:15Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a.
Numbers 4:24Men travay moun Gèchon yo, men sa pou yo pote:
Numbers 4:32poto, sipò, pikèt ak kòd pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fè travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l' pote a.
Numbers 4:41nan tout fanmi Gèchon yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la.