Numbers 5:29
Se regleman sa a pou yo swiv lè yon fanm pran gason sou mari l', lè li lage kò l' nan dezòd pou l' fè sa li pa t' dwe fè,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 7:11Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:
Leviticus 13:59Men regleman pou nou swiv lè yon rad fèt an lenn osinon an twal fen blan bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè nan yon moso twal, fil dwat osinon fil travè yo, kit yo fèt an lenn ou ankò an kenaf, bay mak tankou li ta vle kanni, ou ankò lè yon moso po osinon nenpòt bagay ki fèt an po bay mak tankou li ta vle kanni. Se konsa n'a konnen si moun k'ap sèvi Bondye ka sèvi osinon pa ka sèvi ak yo.
Leviticus 15:32Men regleman pou yo swiv lè yon nonm pa ka fè sèvis Bondye paske li gen ekoulman osinon paske li voye sou li,
Numbers 5:15nonm lan va mennen madanm lan bay prèt la, epi l'a pote ofrann madanm lan gen pou fè nan ka sa a: se va de liv farin lòj. Li p'ap bezwen vide lwil sou li, ni li p'ap bezwen mete lansan sou li, paske se yon ofrann l'ap fè paske li sispèk kichòy, se yon ofrann l'ap fè pou l' ka konn verite a.
Isaiah 5:7Pèp Izrayèl la, se li ki jaden rezen Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a. Moun peyi Jida yo, se yo ki bon plan li te plante a. Li t'ap tann yo mache dwat: Yo lage kò yo nan fè lenjistis. Li t'ap tann yo fè sa ki dwat devan je l', men, nan tout peyi a, se rèl malere ase ou tande.