Numbers 6:2
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon gason osinon yon fanm fè yon ve espesyal, ve nazareyen yo, pou li viv apa nèt pou Seyè a,
Bib La
In The King James Version
In Context
1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
Cross References
Exodus 33:16Lè ou gade byen, ki jan pou mwen fè konnen ou konsidere m' anpil, mwen menm ansanm ak pèp ou a? Eske se pa lè ou mache ak nou? Si ou mache ak nou, tout moun va rekonèt mwen menm ansanm ak pèp la, nou pa menm ak lòt pèp ki sou latè yo.
Leviticus 27:2-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo pou mwen: Lè yon moun pran angajman pou l' ofri yon moun bay Seyè a, se nou menm ki pou fikse kantite lajan pou yo bay nan plas moun lan, dapre sistèm yo sèvi nan tanp lan.
Numbers 30:3Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l' pa fè yon bagay,
Judges 13:5Paske ou pral ansent, ou pral fè yon pitit gason. Piga ou janm koupe cheve nan tèt li, paske depi nan vant manman l', se yon gason k'ap viv apa pou Bondye tankou nazirit yo l'ap ye. Se li menm ki pral konmanse travay pou delivre pèp Izrayèl la anba men moun Filisti yo.
Judges 16:17Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
Proverbs 18:1Moun k'ap viv apa se tèt li ase li konnen. Li move sou tout moun ki vle ba li bon konsèy.