Numbers 6:26
Se pou Seyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l' ban nou kè poze.
Bib La
In The King James Version
The LORD lift up his countenance upon thee, and give thee peace.
In Context
25Se pou Seyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l' gen pitye pou nou.
27Se konsa y'a nonmen non m', y'a lapriyè nan pye m' pou pèp Izrayèl la, epi m'a beni yo.
Cross References
Psalms 4:6(04:7) Gen anpil moun k'ap di: -Jan nou ta renmen Bondye beni nou! Tanpri, Seyè, fè nou santi ou la avèk nou!
Psalms 37:37Gade moun k'ap mache dwat la byen gade. Gade tout vire tounen l'. Moun ki viv byen ak tout moun ap gen pitit ak pitit pitit.
Psalms 44:3(044:4) Se pa t' avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t' fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
Isaiah 26:3Ou menm, Bondye, w'ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w'ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!
Isaiah 57:19M'a di yo: Kè poze pou nou tout ki lwen, kè poze pou nou tout ki pre. M'a mete lwanj nan bouch yo, m'ap ba yo tout kè poze, m'ap geri yo.
Luke 2:14Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen.