Numbers 8:12
Apre sa, moun Levi yo va poze men yo sou tèt ti towo bèf yo, w'a ofri yonn pou mande padon pou peche yo, w'a ofri lòt la pou yo boule nèt pou mwen. Se konsa y'a fè sèvis pou mande m' gras pou moun Levi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:10Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li.
Leviticus 4:20Menm sa li gen pou l' fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè l' pou towo sa a tou. Konsa, prèt la va fè ofrann bèt pou peche pèp la te fè san yo pa konnen an, epi Bondye va padonnen peche yo a.
Leviticus 5:7Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la.
Leviticus 8:14Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.
Leviticus 8:18Apre sa, Moyiz fè mennen belye mouton ki pou boule nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.
Leviticus 9:7Apre sa, Moyiz di Arawon konsa: -Pwoche bò lotèl la, fè yon ofrann pou peye pou tou sa ou fè ki mal, ak yon ofrann pou ou boule nèt pou Seyè a. Apre sa w'a fè menm bagay pou pèp la. Wi, mete ofrann pèp la devan Bondye, mande Bondye pou l' fè yo gras, jan Seyè a te bay lòd la.