Leviticus 8:14
Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:10Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li.
Leviticus 4:3Si se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san ankenn enfimite, l'a ofri l' bay Seyè a pou peche l' la.
Leviticus 8:2-Pran Arawon ak pitit gason l' yo ansanm avè ou. W'a pote rad seremoni yo, lwil pou mete moun osinon bèt apa pou Bondye a, towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la, de belye mouton yo ak panyen pen san ledven yo tou.
Leviticus 16:21L'a mete tou de men l' yo sou tèt kabrit la, l'a rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa l'a mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Lèfini, l'a fè moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l' nan dezè a.
Psalms 66:15M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.
Ezekiel 43:19Nan moun Levi yo se prèt ki soti nan fanmi Zadòk la ase ki pou parèt devan m' pou sèvi m'. Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m' mande: N'a bay prèt sa yo yon jenn towo bèf pou yo ofri ban mwen pou mande padon pou peche yo.