Numbers 8:21
Moun Levi yo fè sèvis pou peye pou tou sa yo te fè ki mal, yo lave rad ki sou yo. Arawon mete yo apa devan Seyè a, li vire yo adwat agoch devan Seyè a tankou yon kado espesyal pou Bondye, epi li fè sèvis pou mande gras pou yo te ka nan kondisyon sèvi Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 3:12-Gade non! Nan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen chwazi moun fanmi Levi yo. Mwen pran yo nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Se pou mwen yo ye.
Numbers 8:11Lèfini, Arawon va pran moun Levi yo, l'a vire yo adwat, l'a vire yo agoch devan mwen menm, Seyè a, tankou yon ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo ap fè m' pou moun Levi yo ka fè sèvis mwen.
Numbers 19:12L'a fè sèvis pou mande Bondye gras avèk dlo yo pare pou sa a sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a. Apre sa, l'a nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye. Men, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras sou twazyèm jou a ak sou setyèm jou a, li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye.