Numbers 9:2
-Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l' la.
Bib La
In The King James Version
Let the children of Israel also keep the passover at his appointed season.
In Context
Cross References
Leviticus 23:5N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche.
Deuteronomy 16:1Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la.
2 Chronicles 35:1Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la.
Mark 14:12Premye jou fèt Pen san ledven an, jou yo te konn touye ti mouton pou manje Delivrans lan, disip yo di Jezi konsa: -Ki bò ou ta vle n' al pare Fèt Delivrans lan?
1 Corinthians 5:7Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la.