Leviticus 23:5
N'a fete fèt Delivrans lan pou Seyè a chak lanne, nan katòzyèm jou premye mwa a. N'a konmanse fèt la lè solèy fin kouche.
Bib La
In The King James Version
In the fourteenth day of the first month at even is the LORD’S passover.
In Context
Cross References
Exodus 12:11Men ki jan pou nou ranje kò nou pou nou manje l': n'a mare ren nou, sapat nou nan pye nou, baton nou nan men nou. Se pou nou manje l' prese prese, paske se lè sa a Seyè a ap pase.
Exodus 13:3Moyiz di pèp la: -Pa janm bliye jou sa a, jou nou te soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la, paske se Seyè a menm ki te fè nou soti ak fòs ponyèt li. Jou sa a, se pa pou nou manje pen ki gen ledven ladan l'.
Numbers 9:2-Se pou tout moun pèp Izrayèl yo fete fèt delivrans lan dat mwen te di yo fete l' la.
Deuteronomy 16:1Lè mwa Abib la va rive, se pou nou fete fèt delivrans lan pou Seyè a, Bondye nou an, paske se yon jou lannwit konsa, nan mwa Abib la, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou soti kite peyi Lejip la.
2 Chronicles 35:18Depi sou tan pwofèt Samyèl, yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l' lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo.
Mark 14:12Premye jou fèt Pen san ledven an, jou yo te konn touye ti mouton pou manje Delivrans lan, disip yo di Jezi konsa: -Ki bò ou ta vle n' al pare Fèt Delivrans lan?