Obadiah 1:11
Nou te rete kanpe la ap gade, lè moun lòt nasyon yo t'ap piye tout richès yo. Nou pa t' pi bon pase etranje yo ki te defonse pòtay yo lè sa a, ki te separe bay chak moun tout richès lavil Jerizalèm yo. Nou menm tou, nou te fè menm bagay la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 25:11Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite nan lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs ki te rete nan lavil la.
Psalms 137:7Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!
Joel 3:3Yo te tire osò pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo te vann ti gason yo pou yo te ka gen lajan pou al nan jennès. Yo te vann tifi yo pou yo te ka gen lajan pou achte bweson, Lèfini, yo bwè jouk yo sou.
Zephaniah 2:10Se sa ki pral rive moun Moab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Seyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.