Philemon 1:14
Men, m' pa vle fè anyen san konsantman ou. Mwen pa ta renmen sa sanble se fòse m'ap fòse ou rann mwen sèvis. Mwen ta pito wè ou fè l' ou menm, paske ou vle fè li.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Ou pa janm konnen si Onezim pa t' kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan.
Cross References
1 Chronicles 29:17Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.
1 Corinthians 9:7Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo?
2 Corinthians 1:24Mwen p'ap chache fòse nou kwè anyen, paske nou deja kanpe fèm nan lafwa. Men, mwen ta renmen travay ansanm ak nou pou fè kè nou kontan.
2 Corinthians 9:5Se sak fè, mwen kwè se te nesesè pou m' te mande frè sa yo pou y' al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwòmèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou.
Philemon 1:8Se poutèt sa, atout Kris la ban m' otorite pou m' di ou sa ou gen pou ou fè,