Philemon 1:16
Paske, se pa tankou yon senp esklav ou jwenn li ankò. Koulye a, li plis pase yon esklav pou ou: se yon frè li ye pou nou nan Kris la, yon frè mwen renmen anpil. Men, ou menm ou dwe renmen li pi plis pase m' ankò. Pa sèlman tankou nenpòt ki moun, men tankou yon frè nan Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Ou pa janm konnen si Onezim pa t' kite ou pou yon tan, pou ou te ka jwenn li ankò pou tout tan.
17Si ou konsidere m' pou zanmi ou, resevwa Onezim menm jan ou ta resevwa mwen.
Cross References
Acts 9:17Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l' sou tèt Sòl, li di li: Sòl, frè mwen, Seyè Jezi voye m' kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m' pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri.
Galatians 4:28Koulye a, frè m' yo, nou tankou Izarak: nou se pitit Bondye jan l' te pwomèt la.
Colossians 3:22Nou menm domestik, obeyi mèt nou gen sou latè a nan tout bagay. Se pa sèlman lè nou anba je yo pou nou obeyi yo, tankou moun k'ap fè lèzòm plezi. Men, se pou n' obeyi yo ak tout kè nou, akòz respè nou gen pou Seyè a.
Hebrews 3:1Se poutèt sa, frè m' yo, nou menm k'ap viv apa pou Bondye, nou menm Bondye te rele pou antre ansanm nan syèl la, fikse je nou sou Jezi, moun Bondye te voye pou sèvi nou granprèt nan konfyans nou genyen an.
1 John 5:1Tout moun ki rekonèt Jezi se Kris la, se pitit Bondye yo ye. Si ou renmen yon papa, se pou ou renmen pitit li tou.