Philippians 1:13
Se konsa, tout gad palè yo ansanm ak tout lòt moun yo konnen se paske m'ap sèvi Kris la kifè m' nan prizon.
Bib La
In The King James Version
So that my bonds in Christ are manifest in all the palace, and in all other places;
In Context
Cross References
Acts 21:11Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l' ak de men pa l' yo, epi li di: Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a; apre sa, y'ap lage l' nan men moun lòt nasyon yo.
Acts 26:31Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt: Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò.
Acts 28:20Se poutèt sa mwen fè rele nou pou m' wè nou, pou m' pale ak nou, pou m' di nou se poutèt moun pèp Izrayèl t'ap tann lan kifè yo mare m' ak chenn sa a.
Ephesians 3:1Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.
Ephesians 6:20Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.
Philippians 4:22Tout pèp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palè Seza a, voye bonjou pou nou.