Philippians 2:1
Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouraj nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l' rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Luke 2:10Men zanj lan di yo konsa: Pa pè. N'ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil.
John 14:18Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.
John 15:10Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m' tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m' lòd fè a, mwen renmen l' menm jan li renmen m' tou.
John 17:13Koulye a, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m' sou latè a, pou jan kè m' kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale.
Acts 4:32Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun.
Romans 5:5Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li.