Philippians 2:17
Menm si mwen dwe ofri lavi m', menm si san m' ta gen pou l' koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil, epi m'ap fè kè nou tout kontan ansanm avè mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
18Konsa, nou menm tou, se pou nou kontan, se pou nou fè kè m' kontan ansanm avè nou tou.
Cross References
Acts 21:13Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm.
Romans 15:16pou m' te sèvi Jezikri pandan m'ap travay nan mitan moun lòt nasyon yo. Lè m'ap fè konnen bon nouvèl Bondye a, se yon sèvis apa pou Bondye m'ap rann, pou moun lòt nasyon yo ka tounen yon ofrann ki fè Bondye plezi, yon ofrann yo mete apa pou Bondye ak pouvwa Sentespri a.
2 Corinthians 7:4Mwen gen anpil konfyans nan nou, mwen kontan nou anpil. Nan mitan tout soufrans mwen yo, mwen toujou gen anpil kouraj, kè m' kontan nèt.
Philippians 1:20Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri.
Philippians 4:18Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi.
1 Thessalonians 2:8Mwen te sitèlman renmen nou, se pa bon nouvèl la ase mwen ta ban nou. Ata vi m' mwen ta bay pou nou. Nou wè jan m' renmen nou!