Philippians 1:20
Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Paske pou mwen, lavi se Kris la. Se poutèt sa lanmò se yon gany pou mwen.
Cross References
Psalms 25:2Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz.
Psalms 119:80Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.
Proverbs 10:28Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.
Isaiah 45:17Men, Seyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan. Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pesonn jouk sa kaba.
Isaiah 54:4Ou pa bezwen pè! Yo p'ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p'ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p'ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l'.
John 21:19(Lè Jezi t'ap pale konsa, li t'ap moutre ki jan Pyè tapral mouri pou sa te sèvi yon lwanj pou Bondye.) Apre sa, Jezi di li: Swiv mwen.