Philippians 2:6
Sa Bondye ye a, se sa l' te toujou ye. Men, li pa t' janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l' te chache kenbe ak tout fòs.
Bib La
In The King James Version
Who, being in the form of God, thought it not robbery to be equal with God:
In Context
5Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi, Kris la.
Cross References
Genesis 48:15Li beni Jozèf, li di l': -Se pou Bondye zansèt mwen yo, Bondye Abraram ak Izarak te sèvi tout lavi yo a, beni timoun sa yo. Se pou Bondye ki te pran swen mwen depi lè m' te fèt jouk jòdi a beni timoun yo.
Isaiah 7:14Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Ezekiel 8:2Mwen leve je m' gade, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Depi nan ren l' desann, kò l' te tankou yon flanm dife. Depi nan ren l' moute, li te klere tankou kwiv byen poli.
Micah 5:2Seyè a di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè soti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap soti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
Matthew 1:23Men li, jenn fi a pral ansent, li pral fè yon pitit gason. y'a rele l' Emannwèl. (Non sa a vle di: Bondye avèk nou.)