Philippians 2:8
Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:16(022:17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.
Proverbs 15:33Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.
Matthew 17:2Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l' vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.
Matthew 26:42Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a.
Luke 9:29Antan li t'ap lapriyè, figi l' pran chanje, rad li vin klere tou blan.
John 10:18Pesonn pa ka wete lavi m', se mwen menm ki bay li paske mwen vle. Mwen gen pouvwa pou m' bay li, mwen gen pouvwa pou m' resevwa l' ankò. Se sa menm Papa a te ban m' lòd fè.