Philippians 3:13
Se vre wi, frè m' yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m' sou kote m' dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m' fè, se pou m' bliye tou sa ki dèyè m' pou m' fè jefò pou m' mete men m' sou sa ki devan m' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 27:4Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a.
Luke 9:62Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k'ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a.
Romans 15:23Men, koulye a, mwen pa gen anyen ki kenbe m' nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou.
2 Corinthians 5:16Se poutèt sa, depi koulye a, mwen pa konsidere pesonn sou laparans, tankou lèzòm fè l' la. Si yon lè mwen te konsidere Kris la sou laparans tankou lèzòm fè l' la, koulye a mwen pa konnen l' nan jan sa a ankò.
Philippians 2:12Se konsa, zanmi m' yo, nou tout nou te toujou obeysan lè m' te la avèk nou. Koulye a m' pa la ankò, se lè sa a pou n' pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li.
Philippians 3:12Mwen pa gen pretansyon mwen rive deja kote m' prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men, m'ap kouri sou kous mwen pou m' wè si m' ka mete men sou kote m' dwe rive a, paske Jezikri pou tèt pa l' fin mete men sou mwen deja.