Philippians 3:14
Konsa, m'ap kouri dwat devan m' sou mak kote m' prale a, pou m' ka jwenn rekonpans Bondye rele m' vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
Bib La
In The King James Version
I press toward the mark for the prize of the high calling of God in Christ Jesus.
In Context
Cross References
Romans 8:28Tansèlman, nou konn sa byen: nan tout bagay, Bondye ap travay pou byen tout moun ki renmen l', pou byen tout moun li te fè lide rele.
1 Corinthians 9:24Lè y'ap fè konkou pou wè kilès ki ka kouri pi vit, tout moun gen pou kouri. Men, se yon sèl ki gen premye pri a. Nou konn sa, pa vre? Enben, nou menm tou, kouri pou n' ka genyen kous la.
1 Thessalonians 2:12Mwen te ankouraje nou, mwen te konsole nou, mwen pa t' janm sispann fè nou konprann byen ki jan pou nou mennen tèt nou pou nou ka fè Bondye plezi, paske Bondye rele nou pou nou resevwa pa nou nan gouvènman l' ak nan bèl pouvwa li.
2 Timothy 4:7Mwen fin mennen batay la byen mennen, mwen rive nan bout kous mwen, mwen kenbe konfyans mwen fèm nan Bondye.
Hebrews 6:1Se sak fè, ann grandi toujou pou n' ka vin granmoun nan konfyans nou. Ann kite dèyè premye konesans yo te ban nou sou Kris la. Nou pa pral rekòmanse ankò ap poze premye baz travay la: nou pa pral di nou ankò jan nou dwe chanje lavi nou, jan nou dwe wete konfyans nou te gen nan zèv ki pa vo anyen yo pou n' mete l' nan Bondye.
1 Peter 1:13Se poutèt sa, konnen byen sa nou pral fè. Mete tèt nou an plas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt.