Philippians 3:6
Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale.
Bib La
In The King James Version
Concerning zeal, persecuting the church; touching the righteousness which is in the law, blameless.
In Context
Cross References
Judges 6:30Mesye yo al di Joas konsa: -Fè pitit gason ou lan soti vin jwenn nou isit la. Se pou n' touye l'! Li kraze lotèl Baal la, epi li koupe gwo poto Achera ki te bò kote l' la.
2 Kings 10:16Li di l' konsa: —Ann al avè m'. W'a wè jan mwen soti pou m' sèvi Seyè a. Se konsa yo pati ansanm sou cha a.
Matthew 23:25Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye.
Luke 1:6Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch.
Acts 9:1Men Sòl, bò pa li, pa t' sispann menase touye disip Seyè yo. li al jwenn granprèt la.
Acts 22:3Se jwif mwen ye. Mwen fèt lavil Tas nan peyi Silisi. Men, se isit lavil Jerizalèm mwen grandi. Se Gamalyèl ki te pwofesè mwen. Se li menm ki te moutre m' tout ti detay nan Lalwa zansèt nou yo. Mwen menm tou, yon lè mwen te gen zèl nou gen koulye a pou Bondye.