Philippians 3:7
Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la.
Bib La
In The King James Version
But what things were gain to me, those I counted loss for Christ.
In Context
Cross References
Genesis 19:17Apre zanj yo te fin fè yo soti nan lavil la, yo di l'. Sove poul ou, si ou pa vle mouri. Pa gad dèyè. Pa rete menm nan plenn lan. Kouri al nan mòn yo pou ou pa pase tou.
Job 2:4Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri.
Proverbs 23:23Verite, konesans, lespri ak bon konprann, se bagay ou mèt peye chè pou ou genyen. Men, pa janm vann sa.
Matthew 13:44Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an.
Mark 10:50Avèg la voye rad li jete, se vole li t'ap vole pou l' te vin bò kot Jezi.
Luke 14:33Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen.