Philippians 4:17
Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja.
Bib La
In The King James Version
Not because I desire a gift: but I desire fruit that may abound to your account.
In Context
16Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen.
Cross References
Micah 7:1Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen tankou yon moun ki grangou nan mitan sezon rekòt epi ki pa jwenn yon ti fwi sou pyebwa, ni yon ti grenn rezen pou m' mete nan bouch mwen. Tout rezen fin keyi. Tout bon fig frans fin tonbe.
Matthew 10:40Moun ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m' lan tou.
Luke 14:12Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a.
John 15:16Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.
Romans 15:28Lè m'a fini avèk zafè sa a, le m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Espay, m'a pase wè nou sou wout.
2 Corinthians 9:5Se sak fè, mwen kwè se te nesesè pou m' te mande frè sa yo pou y' al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwòmèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou.