Proverbs 1:3
Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi.
Bib La
In The King James Version
To receive the instruction of wisdom, justice, and judgment, and equity;
In Context
4Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann.
Cross References
1 Kings 3:28Lè pèp Izrayèl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respè pou li, paske yo te wè se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.
Proverbs 2:1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
Proverbs 8:10Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò.
Ecclesiastes 12:10Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l' la.