Proverbs 1:4
Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann.
Bib La
In The King James Version
To give subtilty to the simple, to the young man knowledge and discretion.
In Context
Cross References
Psalms 19:7(019:8) Lalwa Seyè a bon sou tout pwen. Li moutre nou jan pou nou viv. Nou mèt gen konfyans nan kòmandman Seyè a. Tout moun ki pa gen konprann, l'ap ba yo konprann.
Psalms 119:9Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.
Proverbs 1:22L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann?
Proverbs 3:21Pitit mwen, kenbe pye konesans ou, pa pèdi konprann ou. Pa janm kite anyen fè ou bliye yo.
Proverbs 8:5Nou menm ki pa gen konprann, vin aprann sa ki rele gen bon konprann Nou menm k'ap aji tankou moun fou, vin aprann sa ki rele gen lespri.
Proverbs 8:17Mwen renmen moun ki renmen m'. Depi yon moun chache m', fòk li jwenn mwen.