Proverbs 10:24
Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l' ta renmen genyen. Men mechan an, se sa l' pè rive l' la k'ap rive l'.
Bib La
In The King James Version
The fear of the wicked, it shall come upon him: but the desire of the righteous shall be granted.
In Context
25Depi move tan pase, mechan yo disparèt lamenm. Men, moun k'ap mache dwat yo ap toujou kanpe fèm.
Cross References
Job 15:21Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
Psalms 37:4Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen.
Isaiah 66:4Mwen menm tou m'ap pran plezi m' aji ak yo menm jan yo aji a. M'ap fè malè yo pè rive yo a tonbe sou yo, paske mwen rele yo, pesonn pa reponn. Mwen pale yo, yo pa koute m'. Y'ap fè sa ki mal devan je m', yo pito fè sa ki p'ap fè m' plezi.
Daniel 4:28Tou sa Danyèl te di a rive wa Nèbikadneza vre.
John 14:18Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò.
Hebrews 10:27Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.