The Bible Software
bible.software › Hebrews › Hebrews 10 › Hebrews 10:27

Hebrews 10:27

Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.

Bib La

In The King James Version

But a certain fearful looking for of judgment and fiery indignation, which shall devour the adversaries.

In Context

26Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo.

28Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l' san pitye.

Read all of Hebrews 10

Cross References

Deuteronomy 32:43Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.

Psalms 21:9(021:10) Lè w'a parèt, w'ap detwi yo tankou yon gwo boukan dife. Lè Seyè a ankòlè, se fini l'ap fini ak yo, dife ap boule yo nèt.

Isaiah 26:11Seyè, ou leve men ou pou pini lènmi ou yo, yo pa wè sa. Fè yo wè jan ou renmen pèp ou a, epi y'a wont. Fè dife ou pare pou lènmi ou yo devore yo.

Jeremiah 4:4Nou menm ki pote mak kontra m' lan nan kò nou, kenbe kontra nou fè avè m' lan. Louvri kè nou ban mwen, nou menm moun peyi Jida ak moun Jerizalèm. Si nou pa fè sa, m'ap fè kòlè. Tankou yon dife, m'ap boule nou, poutèt tout move bagay nou fè yo. Lè sa a, pesonn p'ap ka sove nou anba men m'.

Ezekiel 38:19M'ap fè gwo kòlè, m'ap move. Mwen sèmante jou sa a, pral gen yon sèl tranblemanntè nan peyi Izrayèl la.

Hosea 10:8Yo gen pou yo fè disparèt tout kote pèp Izrayèl la te konn adore zidòl sou mòn Betavenn yo. Pikan ak raje ap pouse sou lotèl yo. Moun yo va rele, y'a mande mòn yo pou tonbe sou yo, y'a mande ti mòn yo pou kache yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)聖書 (日本語)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBiblia TakatifuBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)

Study Hebrews 10:27

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeAlbert BarnesJohn WesleyJohn CalvinScofieldWilliam BurkittFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Hebrews 10:26Hebrews 10Hebrews 10:28 →