Proverbs 11:24
Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.
Cross References
Deuteronomy 15:10Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè.
Psalms 112:9Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'.
Proverbs 19:17Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.
Ecclesiastes 11:1Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.
Haggai 1:6Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan.
Haggai 2:16ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn vin barik, se dis ase nou jwenn. N' al chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se vin galon ase nou jwenn.