Proverbs 12:26
Moun ki mache dwat ap toujou moutre zanmi l' bon chemen. Men, mechan an ap fè yo pèdi chemen yo.
Bib La
In The King James Version
The righteous is more excellent than his neighbour: but the way of the wicked seduceth them.
In Context
25Tèt chaje kraze kouraj yon moun. Men, yon bon pawòl fè kè l' kontan.
27Parese ap toujou rete grangou. Tout richès yon moun se travay li.
Cross References
Psalms 18:12(018:13) Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan.
Proverbs 14:22Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.
Matthew 5:46Si nou plede renmen moun ki renmen nou ase, ki rekonpans nou merite pou sa? Eske pèseptè kontribisyon yo pa fè sa tou?
James 1:13Lè eprèv tonbe sou yon moun, lè l' anba tantasyon, moun sa a pa dwe di se Bondye k'ap tante li. Paske, menm jan Bondye pa janm anba tantasyon pou fè sa ki mal, konsa tou Bondye pa ka tante pesonn pou fè l' fè sa ki mal.
2 Peter 2:18Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.
Revelation 12:9Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.