2 Peter 2:18
Y'ap pale ak awogans pawòl ki pa gen sans. Avèk lavi lib y'ap mennen pou satisfè lachè a, y'ap pran tèt moun ki fèk ap chape nan mitan moun k'ap viv nan manti yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 52:1(052:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante David te ekri (052:2) lè Doèg, moun peyi Edon, te al pote rapò bay Sayil pou fè l' konnen David te al kache lakay Akimelèk. (052:3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! renmen Bondye a pa janm chanje.
Ezekiel 35:13Mwen te tande ak zòrèy mwen jan nou te derespekte m', jan nou pa t' manke pale m' mal.
Daniel 11:36Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.
Acts 8:9Nan lavil sa a te gen yon nonm yo rele Simon. Metye l' se fè maji. Simon sa a te yon sezisman pou tout moun Samari. Li te fè tèt li pase pou yon grannèg.
2 Thessalonians 2:4Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.
2 Peter 1:4Se konsa, Bondye ban nou pwomès li yo ki gwo anpil, ki gen anpil valè, pou nou kapab patisipe nan sa Bondye ye a, pou nou kapab chape anba koripsyon ki nan lemonn, akòz move lanvi ki nan kè moun.